Global Statistics

spot_img
spot_img

“Nosotros No Tenemos Armas Para Echar A Pique Sus Fuerzas Navales,
Pero Tenemos el Arma de Echar a Pique Su Prestigio en El Mundo.” Albizu 1930

HomeOscar's JourneyOscar Freedom Campaign in the NewsKanpay Medya Sosyal pou jou fèt Oska Lopès Rivera (Medya Sosyal)

Kanpay Medya Sosyal pou jou fèt Oska Lopès Rivera (Medya Sosyal)

FINAL-CREOLE-OLR-100kTWEETJou ki va 6 janvye 2015 lan, La Repuesta Magazine and National Boricua Human Rights Network (NBHRN) mande w pou ou aji nan non prizonye politik Pòtoriken ki gen plis tan nan prison, pou onore gason vabyan ki sibi plis pase 33 lane nan prison. Kanpay lan rele “Nesans yon Patriòt, Zetwal tout yon nasyon”.
Kanpay k ap fèt sou tout planèt lan mande 100,000 twit delivre nan kont twiter Presidan an, Mezonblanch, ansanm ak Depatman Lajistis lan, jou ka va 6 janvye 2015 lan, dat nesans Oksa, jou epitany/twa maj, jou sila ki jou ki pi sakre nan peyi Pòtoriko. Nou mande sila yo k ap patisipe pou yo pataje “kado vityèl” tankou foto, video, ak tèks sou paj medya sosyal yo pou onore fèt Oska.
Èske w se yon poèt? Atis? Photograf? Bòs nan fè manje? Atlèt? Dansè? Edikatè? Etidyan? Travayè la sante? Labourè? Manman? Papa? Kèlkeswa sa w ye, oubyen fè, kèlkeswa kote ou ye, ekri ou post, pran ou foto, fè w video – dedye yon aksyon nan jounen w kòm yon kado vityèl pou Oska, ka va konsyantize ak genere sipò moun sou kanpay entèmasyonal k ap travay pou liberasyon l.
Poste youn nan poèm ou yo, patage yon foto zèv atistik ou oubyen fotografi ou, fè foto ou bèl plat manje ke w fè, fè dezoutwa kilomèt jòging epitou dekri eksperyans lan nan yon tèks, anrejistre yon dans, pran yon “sèlfi” ak yon pankat… Kite kreyativite jyayi pandan w ap kite moun toupatou konnen ou vle liberasyon patriyòt Pòtoriken Oska Lopès Rivera!
Jou ki va 6 janvye 2015 lan, sou twitter, Facebook, Tumblr, Instagram, oubyen nenpòt ki lòt medya sosyal w itilize, poste ak hashtag #FreeOscarLopez ak #Gift4Oscar. Sou Twitter pa bliye tag@BarackObama and @TheJusticeDept pou sila yo ki gen pouvwa pou libere l tande demand nou. Nou ankouraje w koumanse planifye aksyon w pou vwa noutout ka pase ansanm jou 6 janvye 2015 lan.
Oska ki fèt jou lèmaj, se zetwal nasyon Pòtoriko k ap klere, ki ka mete inite nan yon pèp ki viktim zefè divizyon okipasyon kolonyal plis pase yon syèk gen yen. Jounen jodi a, pèp Pòtoriken fè w tètkole ki ofri Prezidan Barak Obama divès rezon pou l ekzèse pouvwa padon li genyen pou l libere Oska. Pou w konn plis sou Oska epitou li tèks li ekri, sou larespuestamedia.com/category/Oscars-corner/
Ann sèvi ak Medya Sosyal pou chanjman sosyal, ann voye yon mesaj klè: LIBERE OSKA JODI A, 33 LANE SE TWÒP ATÒ!
Pou plis efòmasyon ekri: alejandrom@boricuahumanrights.org
English version. Spanish version.

Purchase your Reyes Magos Plate by Oscar to benefit the children of Vieques

Read "Between Torture and Resistance"

Translate »